MSPP / Visite du ministre Sinal Bertrand au centre Gheskio
118 minutes ago
Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Bertrand Sinal, vizite lendi 7 septanm 2026 la, Sant GHESKIO, kote li te rankontre responsab yo epi vizite plizyè sèvis tankou laboratwa, klinik, pedyatri, vaksinasyon ak nitrisyon.
Nan okazyon an, nimewo 1 MSPP a salye travay remakab Doktè Jean William Pape fè ansanm ak tout ekip li a, angajman yo ak gwo kontribisyon enstitisyon an nan bay popilasyon an sèvis nan zafè sante.
Pou Minis Bertrand Sinal, GHESKIO se yon enstitisyon enpòtan pou peyi a, gras a swen li bay, rechèch, prevansyon, fòmasyon ak inovasyon li fè. Li raple nesesite pou tout sektè kontribiye nan ranfòsman sistèm sante a.











