PNH / Rencontre autour du processus électoral
3 hours ago
Direksyon depatmantal Polis la nan Sidès patisipe, vandredi 5 septanm 2026 la, nan Jakmèl, nan yon rankont sou akonpayman pwosesis elektoral la nan kad yon misyon gouvènman an te òganize nan depatman an.
Direktè depatmantal PNH la, Apollos Villette, adjwen li, Mathias Jean David, epi responsab UDMO nan Sidès te reprezante Polis nasyonal nan rankont sa a kote Sekretè Deta kominikasyon an, Lucien Jura, te patisipe ansanm ak delege depatmantal Sidès, Pierre Michel Lafontant, ajan enterimè Jakmèl, Bèlans ak Lavale Jakmèl epi prezidan Biwo elektoral depatmantal la, san bliye ASEC ak CASEC yo.
Polis nasyonal la reyafime detèminasyon l pou travay ak otorite yo epi enstitisyon yo nan lide pou kontribiye nan kreye kondisyon sekiritè nesesè pou dewoulman pwosesis elektoral la.











