La Ministre Raina Forbin appelle à une mobilisation accrue de l’Afrique autour des priorités d’Haïti

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Minis Afè etranjè ak Kilt la, Raïna Forbin, patisipe nan « Addis-Abeba », peyi Etyopi, nan yon reyinyon plizyè minis nan lide pou kapab evalye pwogram aksyon « Doha » pou peyi ki mwen avanse yo.

Se biwo Wo reprezantan Nasyonzini pou peyi mwen avanse yo, peyi an devlòpman ki pa gen litoral yo epi ti Eta ensilè an devlòpman yo ki òganize rankont sa a, ki pèmèt Ayiti defann enterè l nan zafè sekirite epi konsolide alyans estratejik li ak kontinan afriken an.

Madam Forbin soulinye sekirite ak stabilite se 2 kondisyon esansyèl pou pèmèt pwogram « Doha » a reyisi an Ayiti, kote l mande Eta afriken yo ak kominote entènasyonal la ranfòse mobilizasyon yo pou ede peyi a, reyalize priyorite nasyonal yo, patikilyèman mete sekirite sou teritwa a, òganize eleksyon epi remanbre ekonomi an.

Minis lan te pwofite salye solidarite peyi tankou « Tchad, Sierra Leone » ak « Côte d’Ivoire » nan kad jefò pou mete kanpe Fòs represyon gang yo (FRG) ki bezwen lajan, mwayen lojistik ak operasyonèl pou l ka ranpli misyon l.

Retour en haut