Le Premier ministre réaffirme et consolide le partenariat stratégique avec l'Union européenne
3 hours ago
Premye minis Alix Didier Fils-Aimé prezide, madi 8 septanm 2026 la, yon reyinyon ak reprezantan delegasyon Inyon ewopeyèn, reprezantan peyi Lafrans, Lespay, la Suède ak òganizasyon Eta ameriken (OEA).
Chèf gouvènman an di l detèmine pou l ranfòse patenarya estratejik peyi Dayiti ak Inyon ewopeyèn, patikilyèman Lafrans, Lespay, « la Suède » epi òganizasyon Eta ameriken (OEA).
Diskisyon yo te dewoule sou priyorite nasyonal yo, sekirite epi fèydewout pou estabilizasyon an, kote chèf gouvènman an te pale sou bezwen Polis nasyonal Dayiti a ak Fòs Lame Dayiti.
Bò kote yo, manm delegasyon an reyafime soutyen ak jefò pou retabli lòd nan peyi a nan respè dwa moun epi remèsye Premye Minis lan pou envitasyon pou vin obsève pwochèn eleksyon yo. OEA pwomèt yon asistans teknik ak lojistik.











