Raïna Forbin au deuxième examen mi-parcours du Programme de Doha en faveur des pays moins-avancés.
2 hours ago
Minis afè etranjè ak kilt la, Raïna Forbin, patisipe nan 2èm reyinyon ministeryèl ki fèt pou egzamine pwogram aksyon « Doha » pou peyi Mwen avanse yo, ki dewoule 8 ak 9 septanm 2026 la.
Pandan reyinyon sa a, chanselyè ayisyèn nan pwofite ekspoze priyorite gouvènman ayisyen an nan sak konsène relans ekonomik, envestisman ak travay. Li pwofite tou pale sou zafè sekirite a ak òganizasyon eleksyon yo ki selon li reprezante priyorite gouvènman an.
Madam Forbin pwofite raple sitiyasyon kriz peyi a ap fè fas ki anpeche aplikasyon pwogram aksyon « Doha ». Retablisman sekirite a, se yon faktè esansyèl pou stabilite ak pwosperite dirab.
Minis Forbin nan menm entèvansyon sa a, ankouraje chanjman desizyon koperasyon entènasyonal la fas ak Ayiti pandan y ap favorize patenarya dirab ak benefik.











