PNH / Changement de plaque d’immatriculation

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Direksyon Jeneral Polis nasyonal Dayiti, nan yon nòt li mete deyò, anonse tout popilasyon an, li chanje ansanm plak machin, moto epi diferan lòt anjen enstitisyon an ap itilize.

Se yon desizyon ki konsène tout 10 depatman peyi a, selon nòt sa ki parèt jedi 10 septanm 2026 la.

Pou kounye a, PNH la ap itilize yon plak koulè blan ki genyen kat jewografi a an jòn ak nimewo imatrikilasyon an bleu.

Chanjman sa enskri nan yon demach pou mete plis kontwòl sou materyèl polis la epi anpeche moun ki gen move entansyon itilize fo plak pou poze move zak epi lage l sou do PNH la, daprè anons sa ki soti nan biwo kominikasyon Polis nasyonal Dayiti.

Retour en haut