SOFA et Ambassade du Japon / Visite au Centre professionnel Canada Technique
2 hours ago
Anbasadè peyi Japon an nan peyi Dayiti, Kazuhiko Nishiuchi, vizit sant fòmasyon « Canado Technique », jedi 10 septanm 2026 la.
Vizit sa fèt nan kad yon pwogram fòmasyon pou jèn fanm. Aktivite sa a pèmèt 40 jèn fanm resevwa materyèl pou akonpaye yo nan fòmasyon yo.
Se anviwon 200 jèn fanm ki pral benefisye inisyativ sa a, k ap dewoule nan 6 depatman nan peyi a, daprè youn nan responsab Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA) ki se patnè nan pwojè sa a.











