FJKL / Cri d’alarme sur l’insécurité
2 hours ago
Fondasyon Je Klere (FJKL) denonse zak vyolans yo ki pa sispann ogmante nan peyi a epi denonse divès zak kidnapin ki fèt, patikilyèman sou enspektè jeneral James Boyard ak pitit fi l ki gen 15 lane, pè katolik Snell Armand Nord, Caleb Jean Baptiste, DG ONAPE a, Stéphanie Paultre, ak jounalis Wesly Renaud Jean.
Ensekirite a ogmante nan moman otorite yo prevwa òganize premye tou eleksyon prezidansyèl, lejislativ epi referandòm konstitisyonèl la, 13 desanm 2026 la.
Daprè FJKL, klima politik la sanble ak sa ki te gen nan peyi a nan moman ta pral gen eleksyon 1987 yo ki te fini nan san.











