ASFH /Lancement officiel de la deuxième version de « ALO SAJ FANM »
3 hours ago
Asosyasyon saj fanm ayiti (ASFH) lanse, vandredi 11 septanm 2026 la, dezyèm vèsyon pwogram yo ki rele « Alo Fanm Saj la »
Inisyativ sa a vize fasilite echanj ant fanm yo ak pwofesyonèl sante yo atravè nimewo 8177, pou yo kapab jwenn bon jan enfòmasyon sou sante yo, sipò ak bon jan akonpayman.
Selon direktris egzekitif ASFH la, Jeffthanie Mathurin, ALO SAJ FANM se yon platfòm telefonik ki aksesib pou tout fanm san yo pap peye okenn frè. Sèvis la disponib 24 sou 24 pou bay asistans ak oryantasyon.
Yon lòt bò, direktris egzekitif lan salye sipò Ministè Sante Piblik ak lòt enstitisyon yo, pandan li lanse yon apèl bay lòt enstans ak patnè sou nenpòt fòm ki vle akonpanye asosyasyon an pou pèmèt inisyativ sa rive touche plis fanm ki nan nesesite.











