Hopital La Délivrance / Lancement d’un programme de chirurgie

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Lopital La Délivrance lanse yon pwogram entèvansyon chirijikal nan pri redui pandan 2 mwa. Inisyativ sa a vize rann swen sante pi aksesib pou popilasyon an, dapre direktè jeneral lopital la, Dr Renan Amstrong Charlot, ki ankouraje sitwayen yo pou pa neglije sante yo.

Li envite espesyalman moun ki soufri tansyon yo pou vin konsilte, kote yo ka jwenn plizyè medikaman gratis.

Retour en haut