OEA / Plaidoyer de Pierre Josué Dahomey en faveur de la FRG
2 hours ago
Reprezantan pèmanan Ayiti nan OEA, Jean Josué Pierre, prezante devan Òganizasyon Eta Ameriken yo deklarasyon konjwen sou renouvèlman ak deplwaman konplè Fòs pou konbat gang yo an Ayiti.
Se te yon okazyon pou Anbasadè a salye solidarite peyi manm OEA yo anvè Ayiti, sitou nan kesyon sekirite.
Jean Josué Pierre swete Fòs GSF la rive deplwaye tout efèktif ki te prevwa yo, nan objektif pou ranfòse batay kont gang ame yo ki kontinye ap simaye laterè epi ap teworize popilasyon an.











