CNDDR / Assises départementales de l’Ouest
septembre 26, 2026 7:31 pm
Responsab yo nan komisyon nasyonal dezameman demantèlman ak reyensèsyon yo òganize, vandrerdi 25 septanm nan, yon atelye refleksyon kote plizyè ekspè nan sekirite ak reprezan divès òganizasyon dwa moun te prezan.
Nan kad atelye sa patisipan ak responsab yo t ap reflechi ansanm pou wè kòman yo ka elabore yon politik nasyonal sou dezameman.
Jean Marie Léonidas Michel ki se youn nan Komisè CNDDR kwè li enpòtan anpil pou atelye sa te fèt nan kad solisyon y ap chèche pou peyi a.











