Conseil des ministres sur le décret électoral et sur la neutralité gouvernementale
2 hours ago
Premye minis Alix Didier Fils-Aimé prezide, lendi 5 oktòb la, yon Konsèy minis sou divès pwen enpòtan ki konsène avni nasyon an, daprè yon nòt Primati mete deyò.
Echanj yo te chita sou modifikasyon nan dekrè elektoral la epi rezolisyon ki mete gouvènman an nan pozisyon « neutre » nan kad pwosesis elektoral la.
Konsèy minis sa a te okazyon tou pou egzamine akò ki genyen pou wè ak adezyon Ayiti nan CAF, ki se Bank Devlopman Amerik yo. Yon demach ki enskri nan kad pèspektiv pou ranfòse posibilite koperasyon finansman, apui ak devlopman.
Plizyè lòt pwen ki nan enterè jeneral la te sou tab la pandan seyans sila, daprè menm nòt sa a.










