GARR / Réaction sur la mort d’un ressortissant haïtien en RD
2 hours ago
Clergé Odlet, se non yon konpatriyòt ayisyen ki, daprè enfòmasyon ki disponib yo, pèdi lavi li nan sikonstans trajik nan rejyon « Punta Cana », nan Repiblik Dominikèn, samdi 3 oktòb la. Gen enfòmasyon ki fè konnen ajan imigrasyon dominiken ta enplike nan lanmò li.
Zak sa a soulve anpil kesyon ak enkyetid nan mitan kominote ayisyen an, sitou sou fason otorite dominikèn yo ap trete sitwayen ayisyen ki sou teritwa yo.
Responsab yo nan Gwoup apui raptriye ak refijye (GARR) mande otorite ayisyen yo pran responsabilite yo epi aji pou jwenn plis limyè sou dosye sa a.
Yo mande pou gen yon ankèt serye sou sikonstans ki lakòz lanmò Clergé Odlet, ansanm ak klarifikasyon sou posib patisipasyon ajan imigrasyon yo.










