CEP / Ajustement de certaines dispositions dans le décret
2 hours ago
Konsèy elektoral pwovizwa a anonse li pwolonje pou jiska 31 oktòb 2026, enskripsyon anliy pou kandida yo ak depo pyès yo.
Nan yon nòt li mete deyò 5 oktòb 2026 la, li fè konnen tou gen plizyè chanjman ki pote nan dekrè elektoral 2 jen 2026 la.
Pami ajisteman ki fèt yo, KEP a fè konnen peryòd ki te fikse pou kanpay elektoral la ranvwaye. Nouvo dat pou kanpay la ap kominike nan kad yon kalandriye remanye epi finalize nan kolaborasyon ak estrikti politik ki gen otorizasyon pou patisipe nan pwosesis elektoral la.
Pandan tan sa a, enskripsyon elektè yo ap rapouswiv selon responsab KEP a ki ankouraje sitwayen ki ranpli kondisyon yo pou al anrejistre kòm elektè pou kapab ranpli devwa sivik yo.










