MCC / Rappel sur la date du 8 octobre
3 hours ago
Ministè Kilti ak kominikasyon raple 8 oktòb, se yon dat senbolik, kote Jean-Jacques Dessalines te sakre anperè sou non Jacques 1er nan lane 1804 epi se 8 oktòb 1820 Roi Henri 1er mouri.
MCC ran omaj epi salye memwa 2 potorik gason sa yo ki make istwa peyi a kote yo te kontribiye nan pwoklame endepandans nasyonal la 1er janvye 1804.
Pou responsab yo MCC yo, li nòmal pou yo konsidere Jeneral Jean-Jacques Dessalines tankou liberatè ras nwa a epi tit anperè a te montre volonte l pou te fè peyi a antre pami gwo nasyon yo.
Pou jeneral Henri Christophe, soti nan Savannah, Etazini pou rive nan Mòn Milo, Kapayisyen, Wa a pat sispann etone tout moun nan mond lan ak vizyon l epi reyalizyon l kote l te fè konstui Sitadèl Laferyè, selon yon kominike ki pote siyati minis Kilti ak kominikasyon an, Emmanuel Ménard.











