DGI / Lancement de l’exercice fiscal 2026-2027
4 hours ago
Direksyon Jeneral Enpo (DGI) lanse ofisyèlman ane fiskal 2026-2027 la, jedi premye oktòb 2026 la, nan kad yon seremoni ki dewoule nan biwo santral enstitisyon an.
Responsab yo ankouraje tout pèsonèl DGI travay ak disiplin, pou enstitisyon an rive reyalize previzyon resèt yo, pou ane fiskal 2026 2027 la ki se 94 milya goud.
Nouvèl ane fiskal sa a, reprezante yon etap enpòtan nan fonksyonman enstitisyon an, sitou ak aplikasyon nouvo Kòd fiskal la ak yon nouvo lojisyèl.











