BRH / Avis au public
2 hours ago
Bank Repiblik Dayiti (BRH) atire atansyon kliyan bank yo ak lòt estrikti nan sistèm finansye a sou yon seri atak sou entènèt k ap fèt depi 5 lane nan rejyon Karayib la ak lòt kote nan mond lan.
Ayiti pa epaye, daprè BRH ki bay asirans gen dispozisyon ki pran depi 2023 pou gen bon jan enfòmasyon ki sekirize pou pwoteje sistèm finansye a epi pwoteje lajan kliyan yo.
Bank santral pèmèt teknisyen yo jwenn bon jan fòmasyon epi gen sansibilizasyon ki fèt nan lide pou ranfòse sitèm enfòmatik yo.
Nan kad misyon siveyans li, BRH mande pou enstitisyon finansyè yo pran dispozisyon pou pwoteje enfòmasyon sou kliyan yo epi anonse li pa bay okenn otorizasyon pou yo negosye ak moun k ap komèt atak sa yo sou entènèt, sa yo rele (cybercriminal), si yo ta mande lajan paske yo ta pirate sistèm enfòmatik yo.
Daprè Bank santral, pi bon reyaksyon an se aktive plan enstitisyon finansye yo genyen pou fè fas ak yon sitiyasyon parèy, kontinye fonksyone epi pran dispozisyon pou ranfòse plis toujou sistèm enfòmatik yo, daprè yon kominike ki pote dat 19 oktòb 2026 ak siyati gouvènè Bank santral la, Ronald Gabriel.











