DGI - Lansman ane fiskal 2025-2026 la
octobre 2, 2025 11:52 pm
Responsab yo nan Direksyon Jeneral Enpo DGI lanse, mèkredi 1e oktòb la, ane fiskal 2025-2026 la.
Nan okazyon an, direktè jeneral enstitisyon an, Romial Petit fè bilan ansanm reyalizasyon depi l pran tèt DGI.
Pandan l evoke sitiyasyon difisil peyi ap viv ki gen ensidans sou fonksyonman enstitisyon an, li mande kolaborasyon tout anplwaye pou pèmèt egzèsis la pase byen.











