SOFEHJ - Reyaksyon sou travay ki reyalize nan zafè jan nan kad revi sektoryèl konjwen edikasyon an
6 hours ago
Nan yon nòt ki parèt nan dat jedi 2 oktòb 2025 la, ki pote siyati Kòdonatris Jeneral estrikti a, Martine Isaac, Solidarite Fanm Ayisyèn Jounalis, SOFEHJ, salye travay Otorite Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl yo reyalize nan zafè jan, nan kad revi sektoryèl konjwen edikasyon Ayiti pandan asiz ki te fèt soti 23 pou rive 25 septanm 2025 la.
Yon lòt kote, responsasb estrikti a di yo regrèt, rapò sa, pa konsantre plis sou endikatè espesifik ki ka mezire aksè, ekite ak gouvènans apati done dezagreje selon jan pou tout sou-sektè nan edikasyon fòmèl ak non fòmèl, sa ki t ap fasilite yon sistèm suivi ak evalyasyon sansib ak kesyon, asire alokasyon efikas resous yo epi korije inegalite yo.
Nan sans sa, SOFEHJ swete rapò a amelyore, nan ajoute endikatè k ap ede presize apati sou-sektè ak tout sik yo, konsta yo, epi rekòmandasyon ki fèt sou inegalite ant gason ak fanm epi ti gason ak tifi pa rapò ak kesyon òf epi demanm nan dosye edikasyon.
Responsab SOFEHJ yo mande aktè yo nan sistèm edikatif la pou adopte mezi konkrè k ap pèmèt yo pousuiv travay ki kòmanse a nan favorize mizanplas yon plan operasyonèl anyèl, nan nivo estritikti depatmantal edikasyon yo. SOFEHJ ankouraje mizanplas metòd kòlèt ak analiz k ap pèmèt yo fè diferans nan done ant tifi ak ti gason, fanm ak gason apati endikatè presi tankou sa ki ale pi lwen pase chif global yo pou ede revele epi konprann koz pwofon inegalite ant tifi ak ti gason, gason ak fanm.