Asirans BIMA - Mèt Rémy denonse Konpayi Digicel li di ki konplis nan dosye sa
9 hours ago
Mèt Arnel Rémy ki se avoka k ap defann moun ki di yo viktim nan kesyon «Asirans BIMA» fè konen dosye a ale nan kabinè enstriksyon.
Li di l ap kontinye akonpaye viktim yo jiskaske yo rive jwenn lajan konpayi Asirans lan te pran sou yo.
Yon lòt bò Mèt Rémy denonse Konpayi Digicel li di ki konplis nan dosye sa, akoz li ta itilize rezo li a nan tèt kole ak BIMA pou ramase lajan epi pran done prive moun yo pou bay BIMA.