Affaire Jovenel MOÏSE / Transfert des inculpés / Réaction des organisations de défense
71 minutes ago
Kolektif defansè plis di yo pran nòt sou desizyon ministè Jistis ak Sekirite piblik la pran dimanch 20 septanm 2026 pase a, pou transfere 17 kolonbyen ak Joseph Félix Badio bay otorite jidisyè amerikèn yo nan kad dosye asasina prezidan Jovenel MOÏSE la.
Responsab pwogram Kolektif defansè plis la, Mèt Ulrick TINTIN di pou yo menm se yo dosye ki mande anpil vijilans paske asasina prezidan Jovenel MOÏSE se yon krim tout nasyon an ta renmen limyè fèt sou li.











