Association des Lauréats du Baccalauréat/Lancement d’un nouveau programme
114 minutes ago
Asosyasyon Loreya Bakaloreya (ALB) mete sou pye yon pwogram ki rele « Teknik reyisit pou Bakaloreya »
Responsab operasyon ak lojistik la, Peter Know Pierre-Vil, fè konnen pwogram sa a fèt pou ede kandida bakaloreya yo prepare pi byen pou egzamen ofisyèl yo.
Dapre li, plizyè depatman nan peyi a pral benefisye inisyativ sa a, tankou Lwès, Sid, Nò, Latibonit ak Nòdwès.











