Calendrier électoral /OIDG / Réactions

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Obsèvatwa enènasyonal pou demokrasi ak gouvènans OIDG, nan yon nòt sou konjonkti aktyèl peyi a, di li pran nòt sou kalandriye elektoral la ki pibliye epi ki prevwa premye tou eleksyon yo nan dat 13 desanm 2026 k ap vini la.

Pou obsèvatwa a piblikasyon kalandriye elektoral la se yon etap enpòtan ki franchi nan batay k ap mennen pou pèmèt Ayiti retounen sou ray demokrasi epi pèmèt stabilite reprann plas sou teritwa nasyonal la.

Nan sans sa, OIDG di l swete Premye minis la ak tout manm gouvènman an pran tout dispozisyon nesesè pou asire sekirite epi pèmèt gen lajan pou fasilite dewoulman eleksyon yo.

Obsèvatwa a, pi lwen, mande òganizasyon nan divès sektè nan lavi nasyonal sipòte pwosesis elektoral nan lide pou pèmèt li dewoule jan jan Konsèy elektoal pwovizwa atravè kalandriye a prevwa sa.

Retour en haut