Cap-Haïtien / APN / Opération de nettoyage sur le boulevard
88 minutes ago
Direktè rejyonal Otorite Pòtyè nasyonal nan Kap ayisyen, Ronald Célicourt lanse, jedi 14 me 2026 la, operasyon netwayaj Boulva Okap la.
Aktivite sa, selon Ronald Célicourt, se yon inisyativ sosyal ak anviwonmantal pou bay Boulva okap la yon lòt imaj.
Yon lòt bò, direktè APN Nò a mande tout konpayi Kap tèminal yo pou retire kontenè ki okipe boulva a ki reprezante yon sous ensekirite pou moun k ap frekante Boulva Kap Ayisyen an.











