Caricom /Déclaration du Groupe de personnalités éminentes après leur visite en Haïti
80 minutes ago
Yon delegasyon CARICOM te vizite Ayiti soti 2 pou rive 9 septanm 2026 la, kote l te diskite ak divès aktè politik, reprezantan sosyete sivil la, enstitisyon kle nan gouvènman an epi dirijan fòs represyon gang yo (FRG).
Vizit sa a te pèmèt delege yo evalye sitiyasyon politik la epi fè dyalòg sou preparatif pou premye tou eleksyon prezidansyèl, lejislativ epi òganizasyon referandòm konstitisyonèl la ki prevwa pou 13 desanm 2026.
Selon yon kominike delegasyon an mete deyò, 14 septanm nan, delege yo di yo te konstate bon jan evolisyon, patikilyèman nan nivo jefò ki fèt pou relanse pwosesis elektoral la.
Delegasyon an di l pran nòt tou, divès estrikti politik yo ap pare yo pou patisipe nan pwochèn eleksyon yo.
Sepandan, estrikti politik yo di yo gen tèt chaje parapò ak yon seri mezi ki nan dekrè elektoral modifye a, yo mande pou popilasyon an jwenn enfòmasyon sou pwosesis elektoral la, chanjman sa yo kapab lakoz dat 13 desanm 2026 la pa kenbe. Gen sitiyasyon vyolans gang kriminèl yo ki bay manm delegasyon an tèt chaje.
Tout aktè yo di yo swete pou gen bon jan eleksyon ki òganize nan peyi a.








