CAS / Installation d’une nouvelle directrice
77 minutes ago
Minis Afè Sosyal ak Travay la, Marc-Elie Nelson, enstale, madi 6 oktòb 2026 la, Marie-Ange Lorméus kòm nouvo direktris Kès Asistans Sosyal (CAS), kote li ranplase Johny Raphaël.
Nan okazyon an, minis la prezante nouvo responsab la plizyè gwo chantye k ap tann li.
Sou bò pa l, Marie-Ange Lorméus lanse yon apèl pou patisipasyon aktif tout anplwaye yo, yon fason pou CAS kapab reponn ak objektif ak rezilta gouvènman an ap tann yo.










