CEP / Enregistrement des groupements et regroupements des partis politiques agréés
juillet 13, 2026 6:08 pm
Enskripsyon gwoupman ak pati politik yo ap kòmanse lendi 13 jiyè 2026 la, daprè yon nòt konsèy elektoral pwovizwa a rann piblik vandredi 9 jiyè a.
Nòt sila a presize, enskripsyon gwoupman pati politik yo ap fèt, soti lendi 13 pou rive vandredi 17 jiyè 2026 la. Tandiske enskripsyon regwoupman pati politik yo ap fèt soti mèkredi 22 pou rive lendi 27 jiyè 2026 la, jan sa prevwa nan atik 128 dekrè elektoral 2 jen 2026 lan.
Nan moman enskripsyon an, reprezantan delege chak gwoupman oswa kowalisyon pati politik yo, ap gen pou prezante nan biwo santral KEP a ak dokiman sa yo.
Orijinal akt konstititif notarye gwoupman oswa kowalisyon pati politik ki agreye ak estati pati an.
Orijinal dokiman notarye ki montre akò sou itilizasyon yon sèl anblèm pou gwoupman oswa kowalisyon pati politik la.
Sig, anblèm ak koulè yo adopte pou idantifye gwoupman oswa kowalisyon pati politik la.
Orijinal pwosè-vèbal notarye ki dezinye yon reprezantan legal pou gwoupman oswa kowalisyon pati politik la.
Yon kopi an koulè kat NINU ki valab pou reprezantan gwoupman oswa kowalisyon pati politik la.











