CEP / Formation / 2e journée / Intervention du président du BED de Hinche
avril 29, 2026 10:02 pm
Responsab yo nan konsèy pwovizwa CEP rapouswiv ak 2ème jounen fòmasyon yo sou jesyon enfòmasyon nqn peryòd elektoral la, madi 28 avril 2026 la, nan lotèl l’Ermitage zòn Pandyasou nan vil Hinche.
Prezidan BED Sant la Mèt Henrillot TERMIDOR di l satisfè pa rapò ak satisfaksyon patisipan yo.
Prezidan Biwo elektoral depatmanal Sant lan, mèt Henrillot TERMIDOR, felisite responsab CEP yo nan biwo santral la pou inisyativ fòmasyon sa ki selon li byen pase. Li soulinye tou responsab yo nan Konsèy elektoral pwovizwa a sou yon bòn pant paskel chwazi fòme jounalis yo sou pwosesis elektoral la.
Li di l swete genyen yon franch kolaborasyon ant laprès, ak a CEP pandan yo chak ap fè travay nan tout endepandans.
Divès patisipan di yo satisfè pa rapò ak sa yo aprann yo. Yo fè konnen yo pat enfòmasyon sou yo deja, sitou nan koze eleksyon. Yo di yo swete modèl aktivite sa yo repete pi souvan nan sosyete a.











