CEP /Lancement Officiel du processus d’inscriptions des électeurs

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Konsèy elektoral pwovizwa (CEP) anonse operasyon enskripsyon elektè yo sou rejis elektoral la ap kòmanse lendi 20 jiyè 2026 la nan vil chèf lye nèf depatman jewografik peyi a, eksepte depatman Lwès la.

Nan yon nòt ki pote dat 17 jiyè a, KEP a di l ap kontinye evalye sitiyasyon an nan lide pou pwogresivman elaji operasyon enskripsyon yo nan depatman Lwès la, ansanm ak tout komin ki nan lòt depatman yo, depi kondisyon sekirite yo pèmèt sa.

Nan sans sa a, Konsèy elektoral pwovizwa envite tout sitwayen prezante yo nan Sant enskripsyon ak vòt yo (CIV), avèk kat idantifikasyon nasyonal ki valid, pou ranpli tout fòmalite ki nesesè pou enskripsyon yo sou rejis elektoral la.

Retour en haut