CEP / Prorogation de la période d’enregistrement des groupements politiques
11 hours ago
Konsèy elektoral pwovizwa pwolonje peryòd enskripsyon Gwoupman politik yo jiska 31 jiyè 2026.
Desizyon sa a vini aprè plizyè òganizasyon politik te mande plis tan nan pwosesis anrejistrman regwoupman ak plafòm yo.
Nan yon nòt enstitisyon elektoral la rann piblik Jedi 16 jiyè a, responsab yo fè konnen desizyon an pèmèt gen yon ajisteman nan kalandriye elektoral la.
Toujou daprè nòt la, KEP a anonse peryòd ki rezève pou enskripsyon regwoupman politik yo ap dewoule soti 10 pou rive 14 out 2026 la.











