CEP / Publication de la liste des groupements politiques agréés
3 hours ago
Konsèy elektoral pwovizwa pibliye lis gwoupman politik ki agreye pou patisipe nan pwochèn eleksyon yo jan atik 129 dekrè elektoral 2 jen 2026 la mande sa.
Sou 18 gwoupman politik ki te enskri, gen 15 ladan yo ki resevwa yon avi favorab. 3 gwoupman politik ki pa agreye yo gen jiska madi 11 out 2026, a 5:00 nan aprèmidi, pou yo regilarize sitiyasyon yo devan Konsèy Elektoral Pwovizwa a.
Pwosesis enskripsyon regwoupman politik yo ap dewoule jan sa te prevwa a, soti lendi 10 pou rive vandredi 14 out 2026, dapre kalandriye elektoral la.
Non gwoupman ki agreye yo se platfòm solèy ki gen ladan l 13 pati politik, gwoupman Sòl Ayiti ki gen ladan li 11 pati politik, gwoupman Coppo-Haiti et Aliés ki ladan l 13 pati politik, Ayiti Transfòme ki gen ladan l 12 pati politik.
Toujou selon CEP , gwoupman DEBLOKE rewoupe 11 pati politik, PLATFOM REKONSILYE regwoupe 10 pati politik, Debout Patriotes (DPA) gen ladan l 11 estrikti politik, EN AVANT POUR HAITI gen ladan l 12 pati politik.
Debout citoyen ki gwoupe 10 estrikti politik, gwoupman LAPEH ET ALIE gen ladan l10 pati politik, AN FOS POU SOVE LONÈ gen ladan li 10 estrikti politik, DELIVRANS li menm tou regwoupe 10 estrikti politik.
Toujou selon CEP a, gwoupman MYEL regwoupe 13 pati politik, gwoupman politik VIKTWA li menm sèl regwoupe 52 pati politik, KONBIT AK AKSYON POU AYITI BEL regwoupe 10 pati politik.










