CEP / Séance de travail avec la ministre Suze Youance autour du vote de la diaspora
87 minutes ago
Konsèy Elektoral Pwovizwa fè konnen li reyalize, lendi 31 out la ,yon seyans travay ak senatris kanadyèn Suze Youance ,sou dewoulman pwosesis elektoral la.
Echanj yo te chita sou pwen ki konsène patisipasyon dyaspora nan diferan etap pwosesis elektoral la , soti nan enskripsyon yo kòm elektè rive jis nan vote.
Se yon delegasyon KEP a ki te genyen ladanl sekretè jeneral enstitisyon an, Peterson Pierre-Louis, Trezorye a Nemrod Sanon ak konseyè Shnaïda Adély ki t ap prezante oryantasyon sa yo bay palmantè kanadyèn nan.
Elajisman patisipasyon sitwayèn nan, kreye kondisyon pou ayisyen deyò peyi jwe wòl yo , se yon pwen enpòtan pou Konsèy la.
Suze Youance sou bò pal, ki gen orijin ayisyèn, te pwofite pataje eksperyans li ak delegasyon an sou sistèm elektoral Kanadyen an, selon li, KEP a ta ka kopye.











