CONATEL / Participation au Forum mondial sur la société de l’Information

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Minis Travo piblik, Transpò ak Kominikasyon an, Joseph Almathe Pierre-Louis, nan tèt yon delegasyon patisipe nan fowòm mondyal sou sosyete enfòmasyon ki te fèt soti 6 pou rive 10 jiyè 2026, nan vil Jenèv nan peyi Lasuis.

Direktè jeneral Konsèy nasyonal telekominikasyon an CONATEL), Huguens Prévilon te patisipe tou nan gran woumble sila. 2 pèsonalite yo te pale nan rankont sa a sou enpòtans teknoloji k ap devlope yo patikilyèman entelijans atifisyèl la (IA).

Delegasyon ayisyèn nan te ensiste sou nesesite pou gen pwomosyon ki fèt sou adopsyon ak entegrasyon nouvo teknoloji kominikasyon yo patikilyèman solisyon IA yo, nan sektè ekonomik ak sosyal la.

Sektè tankou sante, soutretans, edikasyon, konstriksyon ta dwe envesti nan zouti teknolojik sa yo, yon fasyon pou ka jwenn pi bon randman, dapre responsab yo.

Retour en haut