Coupe du Monde 2026 / Réaction de la présidente CTR/RTNH
juillet 21, 2026 6:46 pm
Prezidant Komisyon Teknik Restriksyon Radyo ak Televizyon Nasyonal la, Marie Sandra Duvivier, eksprime gwo satisfaksyon li pou travay ak devouman anplwaye yo pandan peryòd Koup di Mond lan.
Daprè li menm, ekip la montre anpil angajman, disiplin ak kouraj pou asire yo piblik la te jwenn bon jan enfòmasyon ak pwogram ki te gen rapò ak gwo evènman foutbòl sa a.
Malgre plizyè difikilte teknik ak pwoblèm materyèl Televizyon an te rankontre pandan peryòd sa a, anplwaye yo pat dekouraje. Yo te kontinye bay bon sèvis pou yo kapab pou satisfè telespektatè ak telespektatris yo epi kenbe misyon enfòmasyon ak edikasyon enstitisyon an.











