Dany Laferrière/ Intervention à la Direction Nationale du Livre
91 minutes ago
Ekriven epi manm Akademi Fransèz, Dany Laferrière, fè yon pasaj nan Direksyon Nasyonal Liv (DNL), madi 14 jiyè 2026 la, nan kad vizit ofisyèl li ann Ayiti.
Nan okazyon an, akademisyen an echanje ak plizyè aktè nan mond literè a, pami yo jèn lektè, ekriven ak responsab kiltirèl yo.
Nan entèvansyon li, Dany Laferrière te mete aksan sou enpòtans lekti, ekriti ak transmisyon konesans kòm zouti esansyèl pou devlope lespri kritik, kreyativite ak imajinasyon jenerasyon k ap vini yo.











