DIE - Lansman yon nouvo pwojè teknolojik ki rele "IKAT"
110 minutes ago
«IKat», se yon nouvo pwojè Direksyon imigrasyon ak emigrasyon ap travay sou li nan lide pou fasilite anrejistreman vwayajè yo, selon direktè DIE a, Antoine Jean Simon FENELON prezante ki t ap prezante pwojè sa, dimanch 14 septanm nan.
Pwojè sa ki nan faz pilot dwe ede yo direksyon Imigrasyon ak emigrasyon rantre nan sistèm nimerik la.
«IKat» la ap pèmèt vwayajè yo ranpli fòmilè yo anliy 72 zè avan vwayaj la.
Daprè direktè Imigrasyon an, se yon nouvo fòma sekirize k ap pèmèt kontwòl yo fèt pi fasil
Direktè Antoine Jean Simon FENELON ap pote plis presizyon nan mikwo Midreille Milias ak Fleury Jean.