Elections / Position du secteur privé des affaires
77 minutes ago
Plizyè asosyasyon nan sektè prive a, tankou asosyasyon endistri Dayiti (ADIH), Chanm komès ak endistri (CCIH) ak Enstiti Makaya deklare yo gen gwo kè sote sou pwosesis elektoral la epi raple nesesite pou peyi a retounen sou chemen konstitisyon an pou kapab retabli konfyans popilasyon an, mete sekirite epi relanse aktivite ekonomik yo.
Sektè prive a apiye òganizasyon eleksyon yo, men sa pa dwe yon senp fòmalite, fòk se bon jan eleksyon kote popilasyon an kapab patisipe tout bon vre.
Dapre asosyasyon sektè prive sa yo pou gen bon jan eleksyon fòk gen sekirite pou kandida yo kapab fè kanpay epi pou elektè yo kapab al vote san kè sote, fòk deplase yo kapab al enskri epi vote, fòk gen kominikasyon sou anrejistreman, finansman ak kondisyon sekirite yo san bliye bon jan obsèvasyon ki pou fèt sou eleksyon yo epi pou kontestasyon yo kapab trete nòmalman.
Asosyasyon sa yo mande pou gen bon jan evalyasyon pwosesis elektoral la epi pou fikse dat ki rezonab pou eleksyon kapab fèt, yon fason pou popilasyon an kapab gen konfyans nan pwosesis la.
Sektè prive a pale de Fòs represyon gang yo ki poko operasyonèl tout bon vre alòske FRG a ta dwe apiye Lapolis ak FAd’H nan batay kont ensekirite a, dapre yon kominike ki pote dat 22 septanm 2026 ak siyati David COLES, prezidan ADIH, Gérard LABORDE, prezidan CCIHC, Jean Nathan LETANG, prezidan CCIH ak Jean Paul FAUBERT ki se direktè egzekitif enstiti Macaya.











