FAES & CNDDR/ Prise en charge des enfants de rue
102 minutes ago
Sou demand Komisyon Nasyonal dezameman, Demantèlman ak Reyensèsyon (CNDDR), Fon Asistans Ekonomik ak Sosyal (FAES), ap reyabilite plizyè sant akèy atravè peyi, pou resevwa timoun ki nan lari, ansanm ak timoun ki kapab ekspoze anba enfliyans gwoup ame yo.
Objektif la se ofri timoun sa yo yon anviwònman ki an sekirite, ede yo soti nan sitiyasyon difisil yo epi prepare yo pou yon pi bon avni.
Se nan sans sa, direktè jeneral FAES la ak delege depatmantal Lwès la, Gérald François vizite youn nan sant sant sa yo ki twouve l nan Delma 101.











