FAES / Distribution de kits dans le Centre
105 minutes ago
Plizyè responsab Fon asistans ekonomik ak sosyal (FAES), nan tèt kole ak Ministè afè sosyal ak Travay epi direksyon pwoteksyon sivil vizite restoran kominotè yo epi remèt chèk bay pèsonèl kuizin yo nan kad misyon yo nan depatman Sant.
Nan menm okazyon an, responsab yo distribye televizè ak kit enèji solèy pou pèmèt sitwayen yo suiv koupdimond lan.
Yon demach ki rantre nan kad akonpayman gouvènman an ap bay ak deplase ki soti nan plizyè komin nan depatman Sant lan.











