Haïti appelle à transformer les liens historiques entre l'Afrique, l'Amérique latine et la caraïbe
89 minutes ago
Minis afè etranjè ak kilt la, Raïna Forbin, patisipe madi 22 septanm lan nan reyinyon ansanm minis afè etranjè kominote eta amerik latin ak karayib yo (CELAC) epi Inyon afrikèn yo (UA).
Se te okazyon pou Raïna Forbin mande transfòmasyon lyen istorik ki ini amerik latin ak inyon afrikèn yo ak yon rapò ki fonde sou enterè ki plis itil epi benefik pou manm yo.
Li pwofite remèsye ansanm peyi afriken yo, espesyalman peyi Kenya, pou kontribisyon yo nan tabli sekirite nan peyi a.
Raïna Forbin plede pou yon kòdinasyon ranfòse sou gwo priyorite Sid Global yo, espesyalman nan jistis klimatik ak refòm achitekti finansyè entènasyonal la.
Chanselyè ayisyèn nan kwè li nesesè pou gen echanj ak envestisman nan sektè agrikilti, enèji renouvlab, enfrastrikti ak edikasyon.











