Haïti exprime sa solidarité au Venezuela à la suite des séismes dévastateurs
110 minutes ago
Gouvènman ayisyen an eksprime solidarite peyi Dayiti ak Venezuela, aprè 2 tranblemantè youn dèyè lòt ki lakoz pou pi piti 164 moun mouri anviwon mil lòt blese, yon sitiyasyon ki pwovoke gwo doulè, destriksyon ak kè sote nan mitan popilasyon an.
Otorite ayisyèn yo di yo panse ak anpil fanmi ki nan soufrans, kote yo raple pèp ayisyen an konnen doulè tranblemantè ak lòt katastwòf natirèl.
Yo salye kouraj tout sekouris yo ki mobilize pou pote asistans bay viktim yo.
Fas ak trajedi sa a, Ayiti bò kote Venezuela nan yon lespri fratènite, konpasyon ak esperans, selon yon kominike Primati mete deyò.











