Haïti/ MSF reprend ses activités à son hôpital de Cité Soleil après trois semaines de suspension

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Lopital Medsen san fwontyè nan Site Solèy reprann aktivite li depi premye jen 2026 la, aprè 3 semèn enstititsyon te fèmen pòt li akoz lese frape ant gang kriminèl yo.

MSF anonse nan yon kominike se sèvis ijans ak sèvis pou moun ki viktim vyolans seksyèl yo ki kòmanse fonksyone. Klinik ak sèvis pou entène malad yo kapab rekòmanse travay pa twò lontan depi kondisyon sekirite yo kontinye amelyore.

MSF mande yon fwa ankò belijeran yo respekte sekirite popilasyon an ak pèsonèl medikal yo.

Gen 300 mil moun kap viv nan komin Site Solèy ki pa ka jwenn sèvis esansyèl yo, tankou swen sante, daprè sa Medsen san fwontyè raple.

Retour en haut