ICDH / Lancement d’un programme educatif pour les personnes déplacées

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Inisyativ sitwayèn pou dwa moun (ICDH) lanse, premye septanm 2026 la, yon pwogram edikasyon non fòmèl pou mil 700 timoun ki nan fanmi deplase akoz zak vyolans gang ame yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.

Se nan divès kan nan Pòtoprens, Dèlma ak Petyonvil, òganizasyon an ap egzekite pwogram sa a nan tèt kole ak Fon Nasyonzini pou timoun (UNICEF) epi finansman Inyon ewopeyèn pou yon peryòd 2 lane.

Timoun yo ki nan laj 6 pou rive 12 lane ki pa kontinye lekòl oubyen ki pat janm ale lekòl, ap kapab aprann li ak ekri, fè kalkil, aprann gramè.

Òganizasyon an di l mete kanpe tou yon pwogram alfabetizasyon pou mil 500 moun ki gen 15 pou rive 25 lane.

Retour en haut