INDDESC /Lancement de l’IMJIVIAH
84 minutes ago
Enstiti Nasyonal pou Defans Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl (INDDESC) lanse ofisyèlman, madi 15 Septanm 2026 lan, nan Petyonvil, Inisyativ pou memwa, jistis ak endamnizasyon pou viktim ensekirite yo nan peyi Dayiti.
Prezidan INDDESC a, Frédo Jean Charles fè konnen san konsiderasyon pou chak vi nan popilasyon an p ap ka gen yon lapè ki dire.
Sou bò pa l, prezidan inisyativ pou Memwa, Jistis ak Endamnizasyon viktim Ensekirite an Ayiti (IMJIVIAH), Garnel Michel, fè konnen viktim yo merite jistis ak reparasyon. Li pwofite prezante kèk pwopozisyon yo genyen kòm pwojè pou asiste viktim yo.









