Journée mondiale de la jeunesse /MJEDE plaide pour un engagement accru des jeunes en politique
69 minutes ago
Nan okazyon Jounen mondyal Lajenès la, Mouvman Jèn EDE òganize, mèkredi 12 out 2026 la, yon fowòm sou tèm « Angajman ak Politik ».
Aktivite sa a te reyini plizyè dizèn jèn, pèsonalite politik, reprezantan enstitisyon piblik ak plizyè aktè nan sosyete sivil la.
Selon koòdonatè MJEDE a, Ritshy Derilus, fowòm nan te sèvi kòm yon espas pou echanj ak refleksyon sou wòl jèn yo nan lavi politik peyi a.











