Justice / Parquet de Port-au-Prince Le point sur la convocation de Moise Jean Charles
2 hours ago
Ansyen senatè Moïse Jean-Charles pa reponn konvokasyon Komisè Gouvènman Pòtoprens lan, mèt Fritz Patterson Dorval, 16 jiyè 2026 la.
Daprè avoka lidè Pitit Dessalines nan, Mèt Benissoit DETOURNEL, kliyan li an ta deja angaje nan yon vwayaj. Li fè konnen ansyen palmantè a toujou disponib pou li reponn kesyon lajistis.
Sou bò pa l, Komisè gouvènman Pòtoprens lan, mèt Fritz Patterson Dorval, fè konnen ansyen senatè Moïse Jean Charles mande li repòte konvokasyon an pou 20 dawout 2026.











