Justice / TPI de Port-au-Prince /Lancement des assises criminelles

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Asiz kriminèl ak asistans jiri yo lanse, lendi 27 jiyè 2026 la, nan Tribinal Premye enstans Pòtoprens.

Chèf pakè Pòtoprens la, Mèt Patterson DORVAL, fè konnen se yon satisfaksyon li ye pou responsab yo nan sistèm jidisyè a paske yo rive reprann aktivite jidisyè yo, sitou asiz kriminèl san asistans jiri ak asistans jiri yo.

Sou bò pa l, Dwayen tribinal Premye enstans Pòtoprens lan, Mèt Bernard ST VIL, bat bravo pou repriz asiz kriminèl san asistans jiri.

Mèt Bernard Saint-Vil fè konnen, yon lòt kote li pa ditou nòmal pou yon moun nan prizon san li pa konnen sò li.

Sesyon asiz kriminèl ak asistans jiri sa ap dewoule nan 2 sal odyans nouvo lokal pòl jidisyè espesyalize yo.

Retour en haut