KPT - Konsèy prezidansyèl tranzisyon an ankouraje tout elèv reprann chemen lekòl la
octobre 3, 2025 12:36 am
Konsèy prezidansyèl tranzisyon an ankouraje tout elèv reprann chemen lekòl la pou ane 2025-2026 la ki lanse ofisyèlman mèkredi 1e oktòb la.
Se yon moman renouvo, pou tout elèv yo kote anseyan yo ap reprann misyon yo ki se prepare jèn yo pou kapab asire avni peyi a, dapre sa prezidan CPT a raple kote yo ajoute lekòl se youn nan pi gwo moman nan lavi.
CPT a pwofite rann omaj ak anseyan yo epi ankouraje paran yo nan jefò ak sakrifis yo konsanti pou prepare avni ti moun yo.
Prezidan CPT a, Laurent St-Cyr, deklare l panse patikilyèman ak ti moun deplase yo ki oblije kouri kite lekòl yo akoz zak vyolans gang kriminèl yo.
Mesye Saint-Cyr pwomèt pou l travay ak kòlèg li yo nan CPT a epi gouvènman an nan lide pou kapab mete sekirite nan peyi a pou tout moun kapab mennen aktivite yo kòmsadwa, sitou nan sektè edikasyon an, dapre yon kominike laprezidans mete deyò.











