La Ministre Raina Forbin avec Antón Leis García, Directeur de l'Agence espagnole (AECID)
97 minutes ago
Minis Afè etranjè ak Kilt la, Raïna Forbin, chita pale avèk direktè Ajans espanyòl koperasyon entènasyonal (AECID) nan kad vizit ofisyèl li nan peyi Espay.
Nan okazyon an, Minis lan te pale sou nesesite pou ranfòse koperasyon entènasyonal la nan yon seri envestisman kote èd imanitè a kapab sèvi nan remanbre ekonomi peyi a ki se baz sekirite ak estabilite.
2 pèsonalite yo te pale tou sou ranfòsman komisyon miks Ayiti-Espay nan lide pou gen plis dyalòg nan mitan 2 peyi yo.











